Règleman sou vi prive
Vi prive ou enpòtan pou nou.
Se règleman Boston School Finder pou respekte vi prive w konsènan nenpòt enfòmasyon nou gendwa kolekte nan men w sou sit entènèt nou an, bostonschoolfinder.org ak lòt sit nou genyen ak jere yo.
Enfòmasyon nou kolekte
Anrejistre done
Lè ou antre sou sit entènèt nou an, sèvè nou yo gendwa otomatikman anrejistre done estanda navigatè entènèt ou a bay. Done sa konsidere "enfòmasyon ki pa idantifyab", kòm sa pa idantifye w pèsonèlman. Sa ka gen ladann adrès Pwotokòl Entènèt (IP) òdinatè w la, kalite ak vèsyon navigatè w la, paj ou vizite yo, lè ak dat vizit ou a, tan ou pase sou chak paj ak lòt detay.
Enfòmasyon pèsonèl
Nou ka mande enfòmasyon pèsonèl tankou non w ak adrès imèl ou. Nou konsidere done sa "enfòmasyon idantifyab" kòm sa ka idantifye w pèsonèlman. Nou sèlman mande enfòmasyon pèsonèl ki pèmèt ba w yon sèvis epi nou sèlman itilize li pou ede bay oswa amelyore sèvis sa.
Kijan nou kolekte enfòmasyon
Nou kolekte enfòmasyon yo dapre mwayen ki jis e legal, avèk konesans ak konsantman w. Nou fè w konnen tou poukisa n ap kolekte li e kijan li pral itilize. Ou lib pou refize demann nou an pou enfòmasyon sa yo, pandan ou konprann ke nou ka pa kapab ba w kèk sèvis ou ta renmen san nou pa gen enfòmasyon yo.
Itilizasyon enfòmasyon yo
Nou ka itilize yon konbinezon enfòmasyon ki idantifyab ak enfòmasyon ki pa idantifyab pou konprann kiyès vizitè nou yo ye, kijan yo itilize sèvis nou yo, ak kijan nou ka amelyore eksperyans yo sou sit entènèt nou an alavni. Nou pa pibliye detay enfòmasyon sa yo piblikman, men nou ka pataje vèsyon global ak enfòmasyon anonim sa yo, pa egzanp, nan sit entènèt ak rapò tandans itilizasyon kliyan.
Tretman done ak estokaj
Nou sèlman kenbe enfòmasyon pèsonèl yo pou osi lontan sa nesesè pou bay yon sèvis, oswa pou amelyore sèvis nou yo alavni. Pandan ke nou kenbe done sa yo, nou pral pwoteje yo nan kad mwayen komèsyal akseptab yo pou anpeche pèt ak vòl, ansanm ak aksè ki pa otorize, divilgasyon, kopi, itilizasyon oswa modifikasyon. Sa vle di, nou avize ke pa gen okenn metòd transmisyon oswa estokaj elektwonik ki 100% an sekirite epi nou pa ka garanti sekirite total done yo.
Cookies
Nou itilize "cookies" pou kolekte enfòmasyon sou ou ak aktivite ou atravè sit nou an. Yon cookie se yon ti mòso done ke sit entènèt nou an anrejistre sou konpitè w a epi gen aksè ak li chak fwa ou vizite sit la pou nou ka konprann kijan ou itilize sit nou an e pote kontni ba ou selon preferans ou te presize yo.
Si ou pa vle aksepte cookies nan men nou, ou dwe enfòme navigatè ou a pou refize cookies yo nan sit entènèt nou an, konprann ke nou ka pa kapab ba ou kèk nan sèvis ou vle yo san yo menm. Règleman sa a kouvri sèlman itilizasyon cookies ant òdinatè w lan ak sit entènèt nou an; li pa kouvri itilizsdyon cookies nenpòt sèvis tyès pati nou itilize sou sit nou an.
Aksè tyès pati ak enfòmasyon yo
Nou itilize sèvis tyès pati pou sit entènèt nou an ak aktivite maketing. Sèvis sa yo ka jwenn aksè nan done nou yo sèlman nan objektif pou yo fè travay espesifik nan non nou. Nou pa pataje okenn enfòmasyon ki idantifyab pèsonèlman avèk sèvis sa yo san konsantman klè ou. Nou pa bay sèvis sa yo pèmisyon pou divilge oswa itilize okenn nan done nou yo pou nenpòt lòt objektif.
Nou pral refize demann gouvènman ak lapolis pou done si nou kwè yon demann twò vag oswa pa gen rapò ak objektif li deklare yo. Sepandan, nou ka kolabore si nou kwè ke enfòmasyon yo mande a nesesè e apwopriye pou konfòme ak pwosesis legal, pou pwoteje pwòp dwa ak pwopriyete nou yo, pou pwoteje sekirite piblik la ak nenpòt moun, pou anpeche yon krim, oswa pou anpeche sa nou kwè ki ilegal, ki ka pouswiv lajistis, oswa aktivite imoral.
Apa sa, nou pa pataje oswa bay enfòmasyon pèsonèl bay tyès pati. Nou pa vann oswa lwe enfòmasyon pèsonèl ou bay komèsan oswa tyès pati.
Vi prive timoun
Sit entènèt sa pa sible dirèkteman oswa kolekte enfòmasyon pèsonèl nan men timoun yo. Kòm yon paran/responsab legal, tanpri kontakte nou si ou kwè timoun ou an ap patisipe nan yon aktivite ki enplike enfòmasyon pèsonèl sou sit entènèt nou an, epi ou pa te resevwa yon notifikasyon oswa demann pou konsantman. Nou pa sèvi ak detay kontak ou te bay yo pou rezon maketing oswa pwomosyonèl.
Limit nan règleman nou an
Règleman sou vi prive sa a sèlman kouvri koleksyon ak tretman done Boston School Finder. Nou travay sèlman ak patnè, afilye ak founisè tyès pati ki gen règleman sou vi prive ki aliyen ak pa nou yo, sepandan nou pa ka aksepte responsablite oswa chaj pou pratik sou vi prive yo a.
Sit entènèt nou an ka konekte ak sit ekstèn ke nou pa jere yo. Tanpri sonje ke nou pa gen okenn kontwòl sou kontni ak règleman sit sa yo e pa ka aksepte responsabilite oswa chaj pou pratik vi prive patikilye yo a.
Chanjman nan règleman sa.
Jan nou twouve li nesesè, nou ka mete ajou règleman sa pou reflete pratik aktyèl ki akseptab yo. N ap pran mezi rezonab pou mete itilizatè yo okouran de chanjman yo atravè sit entènèt nou an. Itilizasyon ou kontinye fè de sit sa a apre nenpòt chanjman nan règleman sa a pral konsidere kòm akseptasyon pratik nou an konsènan done ak enfòmasyon pèsonèl yo.
Dwa ak responsabilite ou yo
Kòm itilizatè nou, ou gen dwa pou nou enfòme ou sou jan done ou yo kolekte epi itilize. Ou gen dwa pou konnen ki done nou kolekte sou ou ak jan li trete. Ou gen dwa pou korije ak mete ajou nenpòt enfòmasyon pèsonèl sou ou epi pou mande pou efase enfòmasyon sa.
Ou gen dwa pou mete restriksyon oswa objeksyon sou itilizasyon done ou yo, pandan ou kenbe dwa pou itilize enfòmasyon pèsonèl ou yo pou pwòp rezon pa ou. Ou gen dwa pou dezenskri nan done sou ou ki itilize nan desizyon ki chita sèlman sou tretman otomatize.
Pa ezite kontakte nou si ou gen nenpòt preyokipasyon oswa kesyon sou jan nou jere done ak enfòmasyon pèsonèl ou yo.
Kontwolè Done Boston School Finder
Boston School Finder
contact@bostonschoolfinder.org
Ofisye Pwoteksyon Done Boston School Finder
Rana Kannan
rana@bostonschoolfinder.org
Règleman sa antre anvigè nan dat 12 fevriye 2019.
Ou gen yon kesyon?
Ekspè nou yo pral ba w bon jan enfòmasyon pou jwenn pi bon lekòl la