Kondisyon ak Definisyon Enpòtan yo
Nan chèche yon lekòl, ou ka tonbe sou anpil akwonim ak jagon. Anba a gen kèk definisyon senp pou ede eksplike tèm sa yo.
Jeneral
-
Plasman Avanse (AP): Kou nivo kolèj kèk lekòl segondè bay. Elèv ki pran yon egzamen Plasman Avanse nan fen ane e ka genyen kredi kolèj nan matyè sa a.
-
Pousantaj Prezans: Pousantaj elèv nan yon lekòl ki prezan nan yon jounen mwayen.
-
Pousantaj Absans Kwonik: Pousantaj elèv nan yon lekòl ki rate omwen 18 jou lekòl nan yon ane.
-
Pousantaj Prezans nan Kolèj: Pousantaj elèv nan yon lekòl ki enskri nan kou kolèj apre li fin diplome nan lekòl segondè.
-
Preparatwa pou kolèj: Kourikoulòm oswa pwogram akademik ki fèt espesyalman pou prepare elèv yo pou kolèj kat ane oswa inivèsite.
-
DESE (Department of Elementary and Secondary Education): Depatman Edikasyon Elemantè ak Segondè nan Massachusetts responsab pou edikasyon piblik nan nivo elemantè ak segondè nan tout Massachusetts.
-
Enskripsyon doub: Pwogram oswa klas ki pèmèt elèv yo pran kou nivo kolèj ki pral konte pou kredi lekòl segondè ak pou kredi kolèj yo.
-
Bileng: Pwogram akademik ki anseye nan de (2) lang. Pafwa yo rele li "Edikasyon bileng".
-
Ekonomikman an dezavantaj: Tèm eta Massachusetts itilize pou elèv ki gen "revni ki ba". Sa gen ladann tout elèv ki patisipe nan youn oswa plizyè pwogram èd.
-
Angle kòm Dezyèm Lang (ESL): Klas Angle pou elèv ki pa moun ki pale Angle kòm natif natal.
-
Elèv k ap Aprann Angle (ELL): Yon elèv k ap aprann Angle. Elèv ELL yo an jeneral resevwa ansèyman espesyalize oswa modifye jiskaske yo metrize Angle.
-
Tan Aprantisaj Pwolonje: Yon jounen lekòl ki pi long.
-
Aprantisaj eksperimental: Yon mòd edikasyon kote elèv yo aprann atravè eksperyans pratik olye dirèkteman nan li oswa tande sou sijè yo nan lekòl.
-
Pousantaj diplome: Pousantaj elèv ki soti nan yon lekòl segondè ki diplome nan lekòl nan 4 oswa 5 an.
-
Enklizyon: Yon apwòch pou edikasyon espesyal kote elèv ki gen bezwen espesyal yo pase plis oswa tout tan yo nan lekòl avèk elèv ki pa gen bezwen espesyal - tout elèv yo nan klas ansanm.
-
Bakaloreya Entènasyonal (IB): Yon pwogram akademik ki konsantre sou rechèch ak elèv k ap aprann nan men kamarad yo; souvan panse pou devlope konpetans panse kritik.
-
Plan Edikasyon Pèsonalize (IEP): Tout elèv ki resevwa sèvis edikasyon espesyal gen youn nan sa yo. Yon IEP se yon deskripsyon alekri pwogram ke yon lekòl pral itilize pou satisfè bezwen endividyèl yon elèv ki gen bezwen aprantisaj espesyal.
-
Aprann Konpòtman Adaptatif (LAB) Yon pwogram ki ede elèv, espesyalman elèv ki gen bezwen espesyal, metrize nòm lekòl oswa sosyal yo.
-
MCAS (Sistèm Evalyasyon Konplè Massachusetts): Youn nan de (2) tès eta a ke elèv lekòl piblik yo pran nan Massachusetts nan klas 3-10yèm, sa gen ladann tès separe nan matematik, Angle (ELA) ak syans. Kòmanse nan 2016-2017, tès sa ak PARCC la te prepare nan yon tès yo rele “Next Generation MCAS,” ki gen ladann kesyon ki soti nan tès MCAS ak PARCC la.
-
SGP (Pèsantil Medyan Kwasans Elèv): Pèsantil Kwasans Elèv la endike amelyorasyon akademik oswa kwasans ke elèv nan lekòl sa a fè nan yon ane konpare ak lòt elèv parèy nan eta a. Yon medyan SGP 60 ak plis pase sa konsidere kòm "gwo kwasans"; yon SGP medyan 40 oswa pi ba konsidere kòm "ti kwasans".
-
Asosyasyon Nasyonal pou Edikasyon Jèn Timoun (NAEYC): Yon òganizasyon ki sètifye oswa akredite pwogram timoun piti yo ki satisfè estanda edikasyon, sante ak sekirite yo. Yon pwogram "NAEYC akredite" ke òganizasyon sa a te sètifye kòm yon pwogram kalite.
-
PARCC (Patenarya pou Evalyasyon Preparasyon pou Kolèj ak Karyè): Youn nan de tès eta a ke pifò elèv pran nan Massachusetts soti 2014 rive 2016 an jeneral se elèv nan klas 3yèm-8yèm ki pran li. Sa gen ladann tès apa nan matematik, angle (ELA) ak syans. PARCC la te itilize pou prepare nouvo vèsyon MCAS la, "Next Generation MCAS"la ki te kòmanse nan klas 3yèm-8yèm an 2017.
-
Jistis restoratif: Yon apwòch pou mete disiplin nan yon lekòl. Nan jistis restoratif, yon elèv ki vyole yon règ oswa nòm pral rankontre avèk yon gwoup kamarad klas yo ak pwofesè yo pou diskite sou ensidan an ak kijan pou evite domaj nan kominote a.
-
SEI (Kou Angle Imèsyon): Yon mòd enstriksyon kote elèv ki ap aprann Angle (ELL) yo jwenn ansèyman nan lang angle nan men pwofesè sètifye, avèk eksplikasyon adisyonèl nan lang natif natal yo lè yo bezwen fè kontni an konpreyansib. Nan yon klas SEI, elèv yo gwoupe selon lang natif natal - kidonk, pa egzanp, moun natif natal lang Vyetnamyen yo nan klas ak lòt moun ki pale Vyetnamyen.
-
SLIFE (Elèv ki gen Edikasyon Fòmèl Limite oswa Sispann): Elèv k ap Aprann Lang Angle (ELL) e ki gen edikasyon fòmèl ki te sispann. Gen kèk lekòl ki ofri kou oswa pwogram espesyal pou sèvi elèv sa yo.
-
Edikasyon espesyal: Pratik ki se edike elèv yo ki gen bezwen edikatif espesyal (tankou andikap aprantisaj oswa devlopman konpetans langaj) nan yon fason ki abòde bezwen endividyèl yo. Tout elèv ki ap resevwa sèvis edikasyon espesyal gen yon Plan Edikasyon Pèsonalize (IEP) ki endike sèvis lekòl yo a pral bay.
-
SPEDPAC (Komite Konsiltatif Paran pou Edikasyon Espesyal): Lalwa nan eta Massachusetts egzije tout distri lekòl piblik yo pou kenbe yon Komite Konsiltatif Paran ki louvri pou tout paran elèv ki gen andikap yo ak tout lòt pati ki enterese yo.
-
Nivo Eta: Jan DESE klase pèfòmans akademik elèv yo nan distri espesifik yo ak lekòl yo nan Massachusetts. Sa ede eta a deside ki sipò lekòl yo bezwen e kijan pou repati resous yo. Nivo eta a pran an kont reyisit akademik, pwogrè oswa kwasans, achèvman lekòl segondè, absans repete ak klas avanse. Gen kèk lekòl ki pa ka klase akòz "done ki pa sifi", sa vle di ke kantite elèv ki teste yo pa te gwo ase pou yo kategorize lekòl la. Lekòl ak distri yo klase nan senk kategori annapre yo, soti nan deziyasyon ki pi wo (pi bon) rive nan pi ba:
-
Lekòl ki gen renome: Se deziyasyon akademik ki pi wo a. Lekòl oswa distri ki nan kategori sa pa bezwen èd oswa entèvansyon nan men eta a epi yo rekonèt yo pou akonplisman akademik yo. Yo idantifye lekòl ki gen renome yo pou gwo reyisit, gwo kwasans ak objektif yo depase.
-
Ap atenn objektif yo: Yo idantifye yon lekòl oswa yon distri kòm antite ki ap atenn objektif yo si y ap atenn objektif pou pifò elèv yo epi yo pa te idantifye otreman kòm gen pèfòmans jeneral ki ba, pèfòmans sou-gwoup ki ba, pousantaj gradyasyon ki ba, oswa patisipasyon nan evalyasyon ki ba.
-
Ap atenn objektif yo pasyèlman: Yo idantifye yon lekòl oswa yon distri kòm antite ki ap atenn objektif yo pasyèlman si y ap atenn objektif pou kèk elèv yo epi yo pa te idantifye otreman kòm gen pèfòmans jeneral ki ba, pèfòmans sou-gwoup ki ba, pousantaj gradyasyon ki ba, oswa patisipasyon nan evalyasyon ki ba.
-
Sipò ki konsantre/sible: Yo idantifye yon lekòl oswa distri kòm bezwen sipò konsantre/vize si li se youn nan 10 pousan lekòl ki pi ba yo nan tout eta a, jan pèsantil responsablite a mezire sa; gen youn oswa plizyè sou-gwoup ki gen yon pèsantil sou-gwoup ki se 5 oswa pi ba; gen yon pousantaj gradyasyon ki ba pou tout elèv (anba 66.7 pousan); ak/oswa ki gen patisipasyon evalyasyon ki ba (anba 95 pousan) pou tout elèv oswa pou youn oswa plizyè gwoup nan youn oswa plizyè matyè.
-
Sipò jeneral/konplè: Sa se deziyasyon ki pi ba a. Yo idantifye yon lekòl oswa distri kòm gen bezwen sipò jeneral/konplè si Komisyonè Edikasyon Elemantè ak Segondè a deziyen li kòm lekòl/distri ki p ap byen pèfòme oswa ki p ap byen pèfòme pandan yon bon tan.
-
-
STEAM (Syans, Teknoloji, Enjeniri, Atizay ak Matematik): Gen lekòl ki ofri kou oswa kourikoulòm ki gen yon konsantrasyon sou matyè sa yo. Parèy ak STEM men ki gen yon konsantrasyon anplis sou Atizay.
-
STEM (Syans, Teknoloji, Enjeniri, ak Matematik): Gen lekòl ki ofri kou oswa kourikoulòm ki konsantre sou matyè sa yo.
-
Pousantaj depèdisyon elèv: : Pousantaj elèv ki kite yon lekòl nan fen yon ane pou kòmansman lòt ane a.
-
Pousantaj Sispansyon Elèv: Pousantaj elèv nan yon lekòl yo te voye lakay yo ("sispann") pou nenpòt rezon nan yon ane.
-
Pwopòsyon elèv/pwofesè; elèv pa pwofesè: Yon estimasyon kantite elèv pou chak pwofesè. Sa se pa gwosè yon klas - pifò klas nan pifò lekòl yo ap gen yon kantite elèv ki depase chif sa a.
-
Pousantaj retansyon pwofesè: Pousantaj pwofesè nan yon lekòl ki rete travay nan menm pozisyon an soti yon lane rive nan lòt la.
Espesifik pou Massachusetts
-
Lekòl Piblik Endepandan - Commonwealth: ke yo rele souvan "lekòl piblik endepandan". Yo se lekòl gratis ki jwenn otorizasyon nan men eta Massachusetts pou yo sèvi ak lajan eta a pou yo fonksyone, men lekòl sa yo pa afilye ak distri lekòl yon vil. Admisyon an fèt pa tiraj louvri.
Espesifik pou Boston Public Schools (BPS) yo
-
KlasTravay Avanse ("Advanced Work Classes" oswa AWC):Yon pwogram akademik akselere oswa avanse ki disponib nan kèk lekòl BPS pou elèv ki nan klas 4yèm-6yèm Yo aksepte elèv yo nan klas AWC dapre nòt yo fè pou yon tès ki rele TerraNova (tout elèv pran li). Yo gwoupe elèv ki nan AWC yo ansanm nan kou yo.
-
Nivo BPS: Lekòl BPS yo klase nan 1 rive nan 4. 1se ran ki pi wo (pi bon) an e 4 se ran ki pi ba a. Nivo BPS yo se nòt tès yon lekòl, rezilta ankèt sou kilti lekòl ak lòt mezi ki detèmine yo.
-
Lekòl Egzamen Boston yo: Se twa Lekòl Piblik nan Boston - Boston Latin School (Lekòl Laten nan Boston), Boston Latin Academy (Akademi Laten nan Boston), ak John D. O'Bryant School (Lekòl John D. O'Bryant) - kote yo dwe aksepte elèv yo daprè kalifikasyon akademik yo. Se nòt yon elèv ak pèfòmans li nan yon tès distri a chwazi ki pral detèmine admisyon an. Yo aksepte elèv nan klas 7 yèm ak 9 yèm.
-
Charter School-Horace Mann: Lekòl piblik gratis distri a ke Boston Public Schools sipèvize, depatman lekòl vil la, men eta Massachusetts la otorize. Admisyon an fèt pa tiraj louvri.
-
EFA (Ekselans pou Tout): Yon pwogram nan lekòl BPS yo ki etann aksè a travay rijid, tipikman nan Klas Travay Avanse (AWC) yo. ELèv yo ki nan lekòl Ekselans pou Tout yo gen travay ki pa fasil ak kou tankou STEM ak lang nan monn nan.
-
Tan Aprantisaj Pwolonje (ELT): Nenpòt lè odela de jounen lekòl tradisyonèl ki itilize pou etann opsyon yo pou aprantisaj bon kalite. Sa ka gen ladann jounen lekòl pwolonje, aktivite apre lekòl ak/oswa lekòl dete.
-
Boston ofri klas K0, K1, ak K2: "kindègadenn" ak "pre-kindègadenn". Elèv yo gen garanti yon plas nan yon lekòl BPS K2 men pa K0 oswa K1 (plas nan klas sa yo ke yo bay sou yon baz tiraj). K2 ki rele "kindègadenn" ak K0 ak K1 tou de se "pre-kindègadenn" oswa "Pre-K".
-
K0 se pou elèv ki pral gen 3 an rive nan mwa septanm nouvo ane lekòl la.
-
K1 se pou elèv ki pral gen 4 an rive nan mwa septanm nouvo ane lekòl la.
-
K2 se pou elèv ki pral gen 5 an rive nan mwa septanm nouvo ane lekòl la.
-
-
Edikasyon Espesyal-Analiz Konpòtman Aplike (ABA): Yon metòd terapi ki itilize pou amelyore oswa chanje konpòtman espesifik yo. Disponib kòm yon sèvis, souvan pou elèv yo ki gen twoub otis, jan ekip IEP a detèmine sa.
-
Edikasyon Espesyal-sèvis enklizyon: Klas enklizyon pou elèv yo -ka diferan dapre laj/klas
-
Edikasyon Espesyal (Pwoblèm Entèlektyèl Piti/Modere/Grav): Sèvis pou sipòte elèv ki gen kapasite limite piti, modere oswa grav pou reyalize aktivite koyitif.
-
Edikasyon Espesyal-Pwoblèm Fizik: Sèvis ki sipòte elèv ki gen kapasite fizik limite pou deplase oswa kowòdone aksyon.
-
Edikasyon Espesyal-Byen Separe: Yon anviwònman sal klas andeyò anviwònman edikasyon jeneral la pou timoun ki gen gwo bezwen aprantisaj.
Lekòl Piblik Endepandan nan Boston yo
- Aplikasyon pou Lekòl Piblik Endepandan nan Boston: Yon elèv ka antre nan tiraj la pou tout Lekòl Piblik Endepandan nan Boston yo (sof Bridge Boston) pa mwayen yon sèl sistèm aplikasyon sou entènèt.
Ou gen yon kesyon?
Ekspè nou yo pral ba w bon jan enfòmasyon pou jwenn pi bon lekòl la